Pierre Corneille
| Fauteuil 14 de l'Académie française (d) | |
|---|---|
| - | |
François Maynard (en) Thomas Corneille (en) |
| Nesans | |
|---|---|
| Lanmò | |
| Tonm |
Église Saint-Marcoul de Monceaux-l'Abbaye (d) |
| Tinon |
Le grand Corneille, Corneille l'aîné |
| Fòmasyon |
Lycée Pierre-Corneille de Rouen (en) |
| Aktivite |
Dramaturge, traducteur ou traductrice, powèt, ekriven |
| Peryòd aktivite |
- |
| Fratri | |
| Conjoint |
Marie de Lampérière (d) |
| Enfant |
Pierre Corneille (d) |
| Manb |
Académie française (en) (- |
|---|---|
| Mouvman | |
| Jan atistik |
|
Pierre Corneille, Yo te rele l tou « Onorab Corneille » oswa « Veteran Corneille », fèt [Note 1] nan Wen epi mouri [1]
nan Pari (Pawas Sen Wòch), li se yon dramatij ak powèt fransè de XVIIe syèk.
Li sòti nan yon fanmi boujwa[2] wòb, aprè etid dwa li, Pierre Corneille pral okipe plizyè pòs antanke avoka nan Wouyen pandan lap fè literati, tankou plizyè lòt diplome nan dwa nan tan li an. Li te ekri an premye de komedi tankou Mélite, La Place royale, aprè kèk traji-komedi pami yo nou ka site L'Illusion comique (1636), Clitandre (vè 1630). Epi 1637 Le Cid sòti, ki te yon triyonf malgre kritik rival li yo ak lòt teworisyen. Li pibliye yon lòt tèks trajedi mitoloji ant 1634-35 rele (Médée), men se ap an 1640 ke lap lanse li sou vwa trajedi istorik lan — Lap dènye powèt dramatik jenerasyon li kap fè sa a —, kote li ekri anpil bèl tèks san parèy selon jenerasyon aprè yo : Horace, Cinna, Polyeucte, Rodogune, Héraclius ak Nicomède.[3]
Li desi pa akèy Pertharite an 1652, pandan epòk twoub Fwond lan, nan moman tradiksyon L'Imitation de Jésus-Christ[4] ap konnen yon siksè ekstraòdinè nan libreri, li renonse a ekri teyat e fini pito tradiksyon li an pito. Plizyè nan konfrè li yo konstate tou ke twoub lan te okazyone yon rejè de trajedi istorik ak politik, yo pral fè menm bagay lan e konsantre plis sou komedi. Palaswit lap tante tounen nan teyat pa yon trajedi gran piblik sou demand yon nòb nòman (La Conquête de la Toison d'or, kreye nan vil Pari sizan (6) pita, lap youn nan pi gwo siksè nan syèk lan), pandan ane aprè yo lap pase tan li nan koreksyon pyès sila a pou pibliye yon nouvo edisyon tou akonpanye de diskou kritik ak teworik, lap aksepte kòdyalman envitasyon siyentandan Nicolas Fouquet pral fè li nan lane 1658 e lap tounen nan mond teyat lan nan kòmansman ane 1659 e tou pwopoze reyekriti yon sijè majè nan trajedi ki se Œdipe[5]. Pyès teyat sa a pete plafon, Corneille rete briye sou sèn teyat lan pandan plizyè ane, disiplin pat sispann grandi e domine pa ekspresyon santiman lanmou (pase pa Philippe Quinault, frè li an Thomas, anfen Jean Racine) mete kreyaksyon li yo nan dezyèm plan. Lap kite ekri aprè fèb siksè Suréna an 1674. Tradisyon biyografik XVIIIe ak XIXe syèk yo imajine yon Corneille ki gen difikilte materyèl pandan dènye pandan dènye ane l yo, men tout XXe syèk yo ap revele ke se pa sa a e ke li mouri pi byen ke sa yo prone yo.
Zèv li yo, o total 32 pyès teyat trè divès : bò kote komedi pwòch estetik bawòk lan, plen kreyasyon teyatral tankou ilizyon komik[6], Pierre Corneille te rive bay trajedi modèn lan yon nouvo puisans emosyonèl epi reflechi, kap parèt Lafrans nan mitan XVIIe syèk lan. Nan enplantasyon règ teyat klasik lan, lap make jan sa a pa anprent li pa figi majè li kreye yo : Nanm ki fò yo plase devan chwa moral fondamantal yo (Dilèm kònelyen an) tankou Rodrigue ki dwe chwazi ant lanmou ak lonè fanmi li, Auguste ki prefere lapè olye vanjans, oswa Polyeucte ki plase ant lanmou sanblab li e lanmou Bondye.[7] Si figi jenòm ki byen anfòm yo (Don Diègue oswa vye Horace), figi maskilen yo pa dwe fè bliye pèsonaj fanm yo trè santimantal tankou Chimène nan Le Cid, Camille nan Horace oswa Cléopâtre, rèn Siri, nan Rodogune. Deplis li make pa yon puisans aleksandren ritme ki fè sòti atrè anpil mòso tèks sou kouraj (monològ Don Diègue lan nan Le Cid, malediksyon Camille yo nan Horace) epi fòs maksim yo nan anpe pawòl (« À vaincre sans péril, on triomphe sans gloire », Le Cid, II, 2 - « Laisse faire le temps, ta vaillance et ton roi », dènye fraz nan Cid - « Je suis maître de moi comme de l'univers », Cinna, V, 3 - « Dieu ne veut point d'un cœur où le monde domine » Polyeucte, I, 1).[8]
Pyès teyat Pierre Corneille yo fè eko nan tounan Gran syèk lan kote li reflete tou valè tankou onè ak anpil entèwogasyon, sou pouvwa pa egzanp (kontèks lanmò Richelieu ak Louis XIII), kesyon sou lagè sivil nan tèks La Mort de Pompée (1643), oswa sou goumen pou wayòm nan Nicomède (1651, nan kontèks epòk twoub Fwond lan). Jodi an li konte pami otè yo plis jwe pyès li e fè pati tou de referans literati inivèsèl lan.[9]
Nòt ak referans
[modifye | modifye kòd]Nòt
[modifye | modifye kòd]Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ Ekstrè nan rejis pawasyal Legliz Saint-Roch nan Pari: « Nan jou sa a, 2 oktòb 1684, Msye Pierre Corneille, ekiye, ansyen avoka jeneral nan tab mab la nan Rouen, ki te gen anviwon swasanndizwitan, te mouri yè nan ri d'Argenteuil, nan pawas sa a, yo te antere l nan legliz la, an prezans Msye Thomas Corneille, ekiye, Msye de Lisle, ki te rete nan ri Clos Gergeau, nan pawas sa a, ak Msye Michel Bicheur, prèt nan legliz sa a, ki te rete toupre. Siyati: Corneille, Bicheur ». (Rejis detwi pa dife 1871 an men dokiman achivis Auguste Jal te kopye nan Diksyonè kritik biyografi ak istwa li a, Pari, Henri Plon, 1867, paj 428).
- ↑ « Courte biographie de Pierre Corneille ». Retrieved 2025-10-28.
- ↑ « Pierre Corneille, auteur de théâtre entre comédie et tragédie » (in français). Retrieved 2025-10-28.
- ↑ « Pierre Corneille, auteur de théâtre entre comédie et tragédie » (in français). Retrieved 2025-10-28.
- ↑ « Courte biographie de Pierre Corneille ». Retrieved 2025-10-28.
- ↑ « Pierre Corneille, auteur de théâtre entre comédie et tragédie » (in français). Retrieved 2025-10-28.
- ↑ « Dilemme cornélien » (in français). 2025-06-12.
- ↑ « Pierre Corneille, auteur de théâtre entre comédie et tragédie » (in français). Retrieved 2025-10-28.
- ↑ Grimaud, Thomas. « Pierre Corneille : La force d'âme ». Littératurefrançaise.net (in français). Retrieved 2025-10-28.
Gade tou
[modifye | modifye kòd]Sou lòt pwojè yo :
- Pierre Corneille, sou Wikisource
- Pierre Corneille, sou Wikiquote
Pierre Corneille, sou Wikimedia Commons