Dimanch 27 dezyèm dimanch pak ane A anime pa koral sent trinite
Jou dimanch lan se jou bondje alekouya jezi leve alelouya vini fete alelouya
(bis)
1- Jezi tap mache preche laverite poutèt abi ak lenjistis te ka sispann yo
aretel pou sa yo bat li yo touyel pa gen anyen bondje nan syel la
paka fè
Kyrie
Kyrieee (5 fwa) Kyrieeeee Eleison
Christééé (5 fwa) Eleison
Kyrieee (5 fwa) Kyrieeeee Eleison
Gloria : rele viv bondje nan syel la, rele viv bondje nan syel la tout tè a,
tout zak egziste chante louwanj pou li.
Rele viv pou papa ki kreye tout bagay, tout sa je nou k’ab wè ak sa nou pa
k’ab wè fòk ou fèl konpliman.
II
Rele viv jezi kri sèl grenn pitit papa, poul te k’ab sove nou li bay lavi’l pou
nou fòk nou di li mèsi.
III
Rele viv lespri a ki se renmen papa ansanm ak pitit la ki se fòs legliz la.
Bravo pou lespri a.
Acclamation :
Tu es très haut, tu es saint seigneur Dieu alléluia, alleluia. Tu es très haut,
tu es fort, tu es grand alléluia, alléluia
PRIERE UNIV. : Papa nap relew , fos nou se nan ou li yeee. Ou sel ki espwa
nou, tanpri koute vwa nou
OFFRANDE :
Gmt o chè papa nou men ti klas pi ba a. Ti klas ki pi meprize a se li nap
chèche wi. Wout la long mize a anpil, men nou vle vin jwenn ou. Ti sa nou
te travay fè a, men ti posyon paw
Wi Gmt nou travay di, anba chenn soley midi, ak pikwa nap pike tè, pou’n
chèche lavi a. voye wou frape digo, gwo solèy pa fè nou pè, paske nou
genyen espwa, yon jou na manje
II
Granmèt nou bouke soufri, lavi chè ap fin avèn nou pa gen sekirite se sou
ou nou konte , peyizan paka travay paske yo pa gen mwayen se sèl ou
menm nou genyen nou lage sa nan menw.
Offertoire.
En ce grand jour de fête nou voulons t’offrir toutes nos vies. En ce grand
jour de fete , accepte l’offrande de tes enfants.
1- Voici le pain voici le vin, ce sont les fruits de nos travaux, accueille-
les et bénis-les Seigneur.
2- Voici le pain voici le vin, ce sont les fruits de nos efforts, prends-les
seigneur et bénis-les seigneur
Sanctus.
Sen granmèt wi ou sen, sen sen sen Granmèt wi ou sen tout bon vre,
Ozana viv bondje nan syèl la, ozana viv Bondje nan syèl la.
1- Syèl la avèk tè a, ap chante mèvèy ou fè…………
2- VIv sila kap vini an, o non Bondje Granmèt la………….
ANAMNESE : Viv jezi ki leve, leve, leve, leve, pami mò yo. Sa son
mèvèy,mèvèy,mèvèy,mèvèy ekstrawòdinè
Viv jezi ki leve vivan, e li monte nan syèl ak kòl li genyen pou li retounen
pou li vini chèche nou
Notre père qui est aux cieux qui ecoute la prière que toutes tes enfants sur
terre qui veillent vivre de ton amour
1 :Que ton nom soit santifié, que ton reigne vienne que ta volonté soit
faite sur la terre, comme au ciel
2 :Donne nous aujourd’ui notre pain de ce jour pardonne-nous, nos
offenses comme- nous pardonnons aussi
3 :Aide-nous sous- mes pats a la tantation, mais delivré nous- du mal ,
Amen
Agnus Dei : jezi kri mouton bondje ou ki ateri isiba, pou delivre alawonn
tout ras, tout pèp, tout nasyon. Lave tout peche nou yo : Jezi liberasyon.
Blayi ke loze sou ayiti, Jezi liberasyon. Fè nou tout viv nan renmen : Jezi
liberasyon.
Deli kounyeaa e pou tout tan Amen(2)
COMMUNION 1 : Si nou vle gen lavi k’ap dire tout tan. Pwoche vini manje
kò jezi kri. Si nou vle gen fòs pou nou lite tou tan. Vini bwè san Jezi kri
Pen nap manje a, se yon manje tout bon, k’ap mouri nanm nou, kap soutni
nou. Diven n’ap bwè a, se yon bwason tout bon. Se vrè lavi lavi pou nanm
nou
II
Kò jezi kri se yon manje pou nanm nou se li kap soutni nou nan bon
chenmen. San Jezi kri se yon bwason pou nanm nou. Li ban nou lavi anplen
III
Pou mwen gen fòs poum konbat ak lavi a vininan kè mwen Jezi Granmèt.
Pou m gen kouraj pou m kenbe fèm nan lafwa, vini, kè mwen pou ou nèt.
ACTION DE GRACE
Annou tout chante poun bay bondje glwa a,
Annou tou danse bat bravou pou yo
Annou tout tmwanye pou jezi sèl sovè nou
Ki wete’n anba kondanasyon avèk san’l ki koule sou yon kwa
Ref.
Jezi m renmenw se ou ki bay lavi se nan ou sel delivrans nou li ye
Si w wèm ap danse dans sa se pou ou Jezi
Si w wèm ap chante chan sa se pou ou jezi, si ou wèm ap louwe
Lwanj sa se pou ou jezi. Siw wèm ap sote tout sa se pou ou.
II
Davis se te wa pèp izraèl la men li te danse devan granmèt la
Li t rekonèt bondje gen tout pouvwa li danse piu fè lwanj pou li
Li pa wont leve bondje anlè.
SÒTI
Jezu resisite alelouya amen, ann di bondje mèsi alelouya Amen
Ann fè lwanj pou bondje nan kay li ki sen
Ann fè lwanj pou bondje nan syèl li ki plen mèvèy
Pak mandem pase sot nan lanmò