Beny makaya ou prepare sa depi 2 novembre
C pa 21 decembre pou nap kouri al nan mache achte 2 ti pake fey pou nal foubi ko nou
Aprè pou nap di nou bouke benyen anyen pa mache
Anpil nan nou pral pran beny la ak pil dlo camion nou pil 7 bon fey nou 7 bon dlo nou
San nou pa mm konn nom youn nan fey yo
Si nou anba bâton na repete bazilik.
Eske leu nou fè beny yo konsa gen yon bagay li pwal fè pou nou ?
Pou semaine sa la pomme ak melon pwal ra nan maket
Nan kouri achte yo pou nou pran beny makaya
Leu nou pwan yo konsa Eske nan invantè nou lane prochén nou jwen Bon rezilta ?
Gen moun yo annik al plimen nan lanmè , fè chacha nan lanmè , epi kou 21 desanm rive
Li kouri pran yon ba savon al fé cinéma devan lanmè di li pran beny dezanvoutman
Anpil nan moun yo al kay bòkò kouri pran beny , pandan ke nan aswe yap vinn domi sou
mm draps ki pa purifye a
Nan mm kay tout jounen yap di betiz la ,
Yo pwal manyen tout bagay ki nan kay la ki tap rasanble eneji chacha yo a pandan yon lane
a
Eske c sa ki beny makaya a ?
Pou yon moun pran beny makaya , fok dlo ou pwal fè beny lan gentan purifye
Fok seremoni fey yo t gentan fet minimum 21 jou avan ou pran beny lan .
Fok ou t gentan komanse mete movè eneji deyò nan Kay ou nan machine ou , spécialement
nan gade robe ou 21 jou minimum avan ou pran beny makayaa .
C pa vinn monte a cheval sou gwan bwa , sou agwe , sou symbi dlo , symbi makaya, gwan
chenmen, Legba pot
Konsa konsa .
Aprè na di c konsa nou lève jwen paran nou t konn fel .
Nou pwan vodou à pou ninpot sa nou vle .
Pitit nou leve jwen nou konn li , nou pa kitel nan Kay , nou voyel lekol .
Si c lève jwen nap fè , San nou pa bezwen aprann anyen c sa nou konn wè gwanmoun yo
nan lakou a ap fè nou fel tou
Fel pou lekol pitit nou yo konsa tou
Kom nou tal lekol , pitit nou tou leve tou konn li tou sanl pa bezwen al lekol
C pa vodou a non ki pwoblem nan , c vodouyzan yo .
Telman yo parese , telman krann yo vid , yo pito diw yap fè vodou leve jwen lan .
Leve jwen lan , ou kwe ou leve jwen vodou a , c ou mm ki pou aprann konnen koman pouw
fè koneksyon ak lwa yo .
Le fait que ou médecin
Pitit ou pa oblije al lekol , paske li leve jwen paranl médecin .
Nou mm vodouyzan telman parese ,
Sa vinn koz nou toujou ap lage chay sou do lwa , sou do Vwazin , sou do zanmi , sou do
blan elatriye
Moun toujou ap fè nou , yo toujou ap pale nou mal , lwa toujou ap maltrete nou , lwa toujou
ap fè nou sesi sela .
Nou pa janm rann kont si c nou c pwoblem tet nou .
Tan pou yo pa jwen yon eskiz yo pito diw gwanmoun yo ale ak tout sekrè yo , yo pa kite
anyen pou yo
Papaw kite avoka a , c pa lekol ou ale pouw vinn avoka tou ou mm ?
Li kite sekrè avoka a pou ou sanw pa bezwen pase lekol ?
Epi ou ka jwen moun djolè tou , pa pase vodouyzan .
Leu yap pale , si tet ou pa sou zepol ou , c pouw kouri al bat fanmiw ui pou inbesil .
Mw mm Mw sot nan peyim tou gwanmoun , mw gen gwo lwa nan tet mw ,
Epi yo tout peu Izo
Mw mm mw c domi rêve tout sak pwal pasem Mw gentan wel nan domi
Genleu c pitit joseph nou ye ?
Yo finn diw sa , epi yap mandew pouw explike yo rev .
C komsi moun lan wew sanble yon makak
Li bay manti lel vle poul santil byen .
Mw mm depim pale ak lwa a li tandem
Mandel nom lwa a , lap diw Danto , ougou
Sil fek sot nan studio la fose diw freda
Makaya vle di fey .
C koneksyon ou pwal fè ak fey yo ki pwal mennenw kotew bezwen yan
Nan fey exoteric yo , gen fey ki kwape movè eneji , gen fey ki ekilibre enejiw
Gen fey ki remonte eneji w .
Gen fey ki pwotejew .
Kounyea c ou ki konnen beny wap pwan pou ki rezon ou pwan l .
Nan gwan bwa
Ou jwen fey , kos , rasin , tach , ect ...
Chak la pou yon koz
Tankou jenjanm ak kanel bon pou Macération
Tankou kos yo ,yo la pou dekosyon
gen fey c dlo cho ou vide sou yo tankou : melisse , choublak
Korosol sa yo c pou infusion
Gen tach yo , tankou palmis c pou fè kataplas
Genyen pouw fè Te ect ...
Genyen tou c pou fé beny
Lew wap fè beny lan gen makaya ame , gen makaya dous
Li depan de koneksyon ou bezwen an
Chak fey depan de koneksyon an
Pouw pran yon beny makaya
Kisa Wap bezwen purifye andan kay ou , deyò kay ou , machine ou , rad ou , dabò ,
Wap mete sel sou tout kow , wap lave bouch ou ak dlo sale .
Wap mete sel nan chak kwen kay ou , tout sou do kay ou , nan lakouw ect ....
Sel la pa la poul retire movè eneji selman
Li la poul retire tout kalite eneji .
Bon ou movè
C sak fè leu nal nan lanmè nou we nou fatige leu nou finn benyen
C paske li retire ni bon ni movè eneji .
Apres 3 a 7 jours nap remake sel nou depoze yo yo vinn tou nwa .
Paske lap rale tout eneji ki nan zon kote w depozel la .
Sel sa ou pa dwe touchel ak menw , c sak fè mw toujou konseye yon moun utilize anvlop
pou yo mete sel yo nan kwen kay yo .
Nap bezwen Demi bokal dlo source ou riviere , ninpot
Men pa dlo kamyon ni Tiyo . Paske métal la gentan chaje eneji dlo a ak pal .
Tankou si c nan chanm ou , wap mete sel nan 4 kwen chanm lan .
Wap bezwen 4 bokal dlo ki domi nan serin ki t ranmase eneji lune lan ,
Wap mete bokal la Demi dlo , pouw ka finn ranplil ak sel la .
Mete sel anba kabann ou , sitou devan mirwa yo .
Nan salonw, salle à manjew tout kote ou konnen ou konn resevwa vizite, e ou mm tou ou
konn rantre .
Chak jou wap benyen utilize sel nan dlo wap benyen an
Ou pwal yon kote ki gen anpil pye bwa , wap trase ceremoniw, wap salouwe avan ou kase
fey .
Anyen pa janm gratis .
Wap bay saw pote avan ou kase fey la
Toujou salouwe avan mm nou fé sa nap fè ya , leu nou fini salouwe anko
Si nou pa gen kote pou nou kase fey c achte nou pwal achtel , salouwe machan lan
Dil bonjou ou bonswa avan nou mandé achte .
Chak fey nou mande l
Fok nou reveye fey la ,
Tankou si nou di 25 gdes amwaz , fok nou repetel
C pa annik di 7 bon fey 7 movè fey
Chak fey nou mande achte fok nou repete nou fey la .
E si c achte nap achtel fok nou pran yon priz te kote nap achtel la
Si c nan maket wap achtel fok ou site nom fey la
Lew fini wap achte yon bwat sel nan maket la andenye
Sel la c li ki pwal reprezante tè pou ou .
Lew fin kase ou ou finn achte
Lew wap rantre anndan kay ou ak fey yo
Pouw janbe premye pa pot la
Fok ou potel sou tet ou .
C yon chay ki twop pou ou ou pwal met atè
Epi fok ou plenn lew wap depoze l atè
A la minute fey sa rive anndan kay la , ou supoze komanse liminen
Siw c moun ki fome wap lumen lumiere nesans ou avan
Siw c leve jwen wap lumen yon balenn blanche avan
Apres wap fè yon limination 7 mèches ak 3 fey bazilik anbal
Depi limination w komanse ou pa nan ni manje vyann ni plumen anko
Pou moun ki gen biznis yo
Nou ka toujou fè beny makaya pou li .
C mm Jan an
Wap bezwen dlo symbi dlo depan de kote ou ye a .
Sa vle di dlo nan anbouchi
Dlo sa ap domi devan pa pot chanm ou , sou nom papa symbi ki c yon legba sou rit petro a
.
Siw pa gen pilon pouw pile fey yo
Wap pran yon moso twal blan
Wap pran yon roch nan dlo pouw pile fey la
Roch sa wap pranl sou nom symbi ampaka pongwe .
C li ki symbi gwo roch la .
Si c dlo nan roch Wap pran pouw benyen , wap pranl sou nom symbi yaye
Movè fey yo c bwa kaka
Monbin bata
Pa janbe
Sed
3 zom fò
Ave
Pwa kongo
Kapab
Ou ka mete fey twonpet tou
Tout c movè fey
Ki vle di yo fè arestasyon movè eneji ki sou kow
Twal ki pile movè fey la paka pile bon fey la
Ou fok pilon an relave sèche
Toujou mete klerin ak dife pou nou pirifye pilon nou
Avan mm ou benyen ak movè fey la
La vey wap benyen ak percile, citron , klerin , savon lave, dlo lanme , ou dlo sale cho .
Epi demen Wap pran beny ame a ki c movè benyen lan
Beny arestasyon an .
Ok nou konn fok tout travay yo fet
Nan matin leu nou lève avan nap fè kwa siyen nou kanpe sou li , epi nou pwan kivet dlo nou
kite domi devan papa simbi an ,
Nou frote fet ame yo sou demand nou
Nou mete klerin , nou kwasiyen dloa ak San dife
Nou benyen la tet opye .
Nb . Fas soley kouche
Epi nou mete rad ki pa gen kouleu ni blan ni klè ni dore .
Apre 3 jou nap pile bon fey nou , nou pran yon ti laye , nou met yon mamit gwo sel ladan
nou metel sou tet nou
Nou benyen ak lwil ou fey d’olive , let bef , sirop miel nou benyen la tet opye .
Nan demen
Nou kwaysiyen , nap trase seremoni nou , legba freda simbi .
Nap frote Bon fey nou . Nou mete byen etre , florida, ak yon lot parfum débouche .
Nan dlo bon fey nou . Epi nou benyen
Sonje ke dlo sa fet poul domi devan papa simbi .
Bon fey yo
C sousi
Zo devan
Kapab
Bazilik
Simen kontra
Rale mennen vini
Koray
Epi nap ajoute fey lorye .
Avan nou pwan bon beny lan
Fok nou bay kay la bon benyy tou .
Ki vle di pandan 3 jou yo , nap pase twal mouye nan Kay la avek dlo sale citron fey zoranj
dous .
Fey korosol bon tou
Men lap ba nou somey .
Sonje retire anvlop sel yo ak pel ou ak matin
Lage nan poubel deyò ou nan latrine
Epi nap fè lanp douse leu nou finn benyen
Nan pozoranj dous ou nan Pomme , ou nan ananas ou nan koki lanme .
Sonje koze wap fè lanp dous yo fok yo domi
Devan papa simbi
Pou moun ki konnen yo yap lumen lumiere nesans
C lew Finn fè sa yo
Kow près Pouw pran benyy Chans
Wap fel avek tout kalite fwi
Sitou pomme Ananas Chadeque, cerise ect ...
Rhum , gâteau , siro myel , du riz , champagne, bazilik lorye . Kapab , simen kontra koray .
Ou la pranl 31 decembre
Apres Movè e bon beny
E beny
Fok nou fè figmation
Ni pou tet nou
Ni pou kay nou
Ni pou machine nou
Apres movè beny nap boule
Fey Tabak
Fey Wou
Zo devan 3 pawol
Figme toupatou nan Kay nou ak ko nou machine Nou biznis nou
Apres bon beny
Nap boule
Ekaliptis
Lorye
Vevenn
Zo devan .
Figme tout kote
Epi map tann bilanw
Decembre 2023 .
Pouw vinn dim koman sa ye
Nb : moun pa benyen tet yo pou kont yo .
Chache yon moun ki ka fel pou ou
Sew frew manmanw papaw
Zanmiw
Ect .... ect ....
Beny sa efikas : 3 bel pake pèsi, 3 kiye jirof, 7 sitron, koupe bòk yo, yon pake amwaz, yon
balèn, yon ti galon oubyen po dlo sous oubyen dlo mineral. Limen balèn, jete dlo, fè yon sel
ak 4 fòs yo, mande lwa ou vle a akonpanye w, epi pran beny ou.
Siw vle tou, ou ka ale nan lanmè ak yon baton savon san sèvi, yon rhum, yon ponyen fèy
lila. Adrese w ak enèji lanmè a, di yo pran tout sak anpeche w avanse, epi deside pou
chanje sak merite chanje, epi benyen, fwote kow, remet lanmè tout radòt yo. Epi lew soti,
jete rad la met yon lot, epi pran yon kout rhum lage res la nan lanmè a. Vire dow.
Oubyen pran yon bain de boue, aprèsa boule fèy sauge, aspeje kow ak kay ou.
Beny pirifikasyon ki chase movèz enèji e kanpe lwen oubyen amonyak la defèt malefis-
etènn movèz lamp kont ou)
Vinèg
Ji citron
Fèy lorye
Bazilik
Fèy mentre
Sèl san sèvi
Yon ti kanpe lwen oubyen amonyak
Dlo
Florida
Melanje tout ingredyan yo